Accessibility links

Breaking News

'Mwen Vle Pale': Griner Bay Detay sou Tan li Pase nan Prizon Ris yo


Nan imaj sa a, ke Sevis Sekirite Federal Ris la, vedet WNBA Brittney Briner chita abo yon avyon kap transpote li nan Abu Dhabi kote yo te boukante li pou prizonye Ris Viktor Bout, 9 Desanm, 2022.
Nan imaj sa a, ke Sevis Sekirite Federal Ris la, vedet WNBA Brittney Briner chita abo yon avyon kap transpote li nan Abu Dhabi kote yo te boukante li pou prizonye Ris Viktor Bout, 9 Desanm, 2022.

Vedèt baskètbòl feminen Ameriken Brittney Griner ki jwe nan lig pwofesyonèl WNBA a pat vle rete bouch be pandan li te nan avyon gouvènman Ameriken ki te ranmase li epi mennen li tounen Ozetazini.

Dapre Roger Carstens, anvwaye espesyal prezidansyèl pou zafè ki gen rapo ak otaj yo di Griner deklare: "Mwen fèmen nan prizon depi 10 mwa kote se Ris sèlman map koute. Mwen vle pale."

Carstens te ede negosye libète vedèt baskètbòl la epi retou li Ozetazini semèn pase a.

Carstens di pwogram "State of the Union" CNN nan Dimanch, ke Griner monte nan avyon an, li monte desann epi prezante tèt li bay chak manm ekipaj la. Li ba yo lanmen epi li koze avè yo.

Carstens di premye bagay Griner te mande l se "kiyès moun sa yo ye?"

Griner te pase apepre 12 hèd tan nan vòl 18 hè d tan an ap pale ak moun ki te abò avyon an, Carstens di. Vedèt la pale sou tan li te pase nan koloni penal Ris la, ak mwa li te pase fèmen nan prizon men misye pa bay okenn detay presi.

Li di "mwen te gen enpresyon li se yon moun ki entelijant, ki gen konpasyon, imilite, enteresan ak patriyotik. Men plis pase tout bagay otantik. Mwen rayi ke se konsa mwen te rankontre l men mwen santi le fet ke mwen te gen opòtinite rankontre l se yon benediksyon.

Griner ap sibi egzamen medikal ak mantal konple kounyea nan eta Texas. Castens di li "chaje ak enèji e li gen bòn min."

XS
SM
MD
LG