Accessibility links

Breaking News

Putin Di Li "Posib" Pou You Yo Twoke Lòt Prizonye ak Washington


Graphic illustration of Victor Bout and Brittney Griner
Graphic illustration of Victor Bout and Brittney Griner

Prezidan Ris Vladimir Putin te di Vandredi, ke li posib pou l twoke lòt prizonye ak Washington. Deklarasyon sa a fèt kek jou apre yo te lage jwèz baskètbòl Ameriken Brittney Griner ki te nan prizon pou trafik dròg. Yo te boukante l pou Viktor Bout ki te nan prizon Ozetazini pou trafik zam.

Jounalis yo te poze prezidan Putin kesyon pandan somè rejyonal li tap patisipe nan yon somè nan Bichkek. "Eske Kontak yo kontinye nan nivo sèvis entèlijans yo? Èske ap gen lòt (echanj) posib? Mesye putin te deklare "Wi, tout bagay posib",

"Se rezilta negosyasyon ak rechèch nou ap fè pou nou jwenn yon konpwomi. Nan ka sa a, nou te jwenn yon konpwomi epi nou pa refize pou nou kontinye travay sa a nan lavni".

Byen bonè nan Vandredi, pòtpawòl Kremlin Dmitry Peskov ensiste ke negosyasyon yo pa te mete fen nan "kriz la" ant de peyi yo, ki gen relasyon yo "toujou nan yon eta deplorab".

Ameriken ak Larisi akize youn ak lòt deske yo te kenbe sitwayen yo pou rezon politik.

Yon lòt Ameriken ki te jwenn arestasyon arete nan Larisi, non li se Paul Whelan, pa t enkli nan deal ki te fèt jedi a pou twoke Griner a .

Whelan gen 52 an yo te arete an Desanm 2018 nan Larisi, li te jwenn kondanasyon li an 2020 pou li al pase 16 ane nan prizon pou "espyonaj".

Medya Larisi te pale vandredi sou sò Alexander Vinnik, yon ekspè enfòmatik Ris ki te ekstrade an Out nan peyi Etazini kote li fè fas ak 21 akizasyon, pami yo vòl idantite, konplisite nan trafik dwòg ak blanchiman lajan.

XS
SM
MD
LG