Accessibility links

Breaking News

Bahreïn: Mouvman Pwotestasyon yo Vinn Gen Anpil Vyolans


Bahreïn: Mouvman Pwotestasyon yo Vinn Gen Anpil Vyolans
Bahreïn: Mouvman Pwotestasyon yo Vinn Gen Anpil Vyolans

Nan Bahreïn, manm opozisyon an di otorite yo mete men sou 6 lidè nan opozisyon an jedi 17 mas 2011 la yon jou apre fòs sekirite yo te degèpi manifestan pwo-demokrasi nan prensipal plas nan kapital la nan yon oeprasyon motèl.

Lidè chi’it nan nan opozisyon an Hassan Mushaina , lidè pati Wa’ad Ibrahim Sharif ak militant Abadul Wahad Hussein twouve yo pami moun otorite yo arete. Responsab yo poko mete okenn akizasyon sou do moun sa yo.

Mèkredi 16 mas 2011 la , lopital ak sous nan opozisyon an di omwen 5 moun mouri lè fòs sekirite yo te fòse manifestan yo kite prensipal plas kapital la Manama, Perl.

XS
SM
MD
LG