Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Irakyen an, Haider Al-Abadi, Kriye Viktwa Ofisyèlman sou Gwoup Eta Islamik la


Premye Minis Irak la, Haider Al-Abadi, nan mitan, ki kenbe yon drapo peyi a nan men li ak militè irakyen yo bò kote li. 10 jiyè 2017.
Premye Minis Irak la, Haider Al-Abadi, nan mitan, ki kenbe yon drapo peyi a nan men li ak militè irakyen yo bò kote li. 10 jiyè 2017.

Nan Mosoul, premye minis Haider Al-Abadi, pran lapawòl nan ansyen vil irakyèn, an, kote li pwononse yon diskou yo retransmèt nan televizyon toupatou nan peyi a. Mesye Al-Abadi fè konnen viktwa sa a, se yon viktwa sou opresyon, britalite ak teworism. Lidè irakyen an kontinye pou l di:

"Mwen deklare nan Mosoul e apati Mosoul pou tout moun kap tande, nou mete yon fen nan gwoup teworis Eta Islamik la ki echwe e ki fè bèkatè jounen jodi a."

Premye minis Al-Abadi presize pou l di apre siksè lame irakyen finn ranpòte nan Mosoul, Irak gen defi pou l leve toujou, pami yo destriksyon selil teworis gwoup eta islamik la ki toujou egziste nan peyi a ak kreye stabilite toupatou nan Irak. Pandanstan, militè ameriken byen akeyi anons Premye minis Haider Al-Abadi-a, kote yo fè fòs irakyen yo konpliman pou viktwa sa a.

XS
SM
MD
LG