Accessibility links

Breaking News

Tansyon an Monte Wo ant Larisi ak Ikrèn. Konsèy Sekirite L'ONU an Reyini sou Dosye a

Prezidan Petro Poroshenko ki t ap pale nan yon sesyon palman nan Kyèv, Ikrèn, lendi 26 novanm 2018 la. Li mande palman an (e palmantè yo apwouve) yon kou masyal.
Prezidan Petro Poroshenko ki t ap pale nan yon sesyon palman nan Kyèv, Ikrèn, lendi 26 novanm 2018 la. Li mande palman an (e palmantè yo apwouve) yon kou masyal.

Nan peyi Ikrèn, palman an vote lendi 26 novnam 2018 la pou l enpoze lwa masyal pandan 30 jou nan moman tansyon an ap monte ant gouvènman an nan vil Kyèv avèk gouvènman ris la, nan Moskou. Otorite yo ikrenyen yo pran desizyon an aprè bato gad kòt Larisi te remoke 3 bato ikrenyen apre li te tire sou yo, nan moman batiman sa yo, ki te fin navige sou Lanmè Nwa a, t ap retounen nan peyi yo. Pou pi piti gen yon maren ikrenyen ki blese, e Larisi mete men ni sou bato yo, ni sou manm ekipaj yo. Gouvènman an nan Kyuev lansr apel pou l mande liberasyon yo e pou yo retounen nan peyi a prese-prese.

Devan le fèt ke tansyon an pa sispann monte ant 2 peyi yo, prezidan ikrenyen an, Petro Poroshenko, te lanse apèl bay palman an pou mande li enpoze kou masysal nan peyi a.
Maren ris yo reponn pou yo di bato ikrenyen yo te fè ekspre yo pwovoke yo; ansuit yo kriritke Prezidan Poroshenko poutèt kou masyal li fè dekrete a; dapre yo, sa k fè li fè sa, se paske li ta renmen popilarite li remonte anvan eleksyon ki pral dewoule nan mwa mas 2019 la.

Nan New York, anbasadè Lèzetazini nan l'ONU, Nikki Haley, fè konnen li deja mete sitiyasyon an devan Prezidan Donald Trump ak Sekretè Deta Mike Pompeo apre Ikrèn te mande yon rankont dijans Konsèy Sekirite a akoz sitiyasyon k ap devlope ant Kyèv avèk Moukou a.

Anbasadè Lèzetazini nan l'ONU, Nikki Haley, ki te pran lapawòl nan yon reyinyon Konsèy Sekirite a sou tansyon k ap monte ant Ikrèn ak Larisi. Reyinyon sa a te dewoule nan katye jeneral Nasyon Zini an nan New York, lendi 26 novanm 2018 la.

​Se premye fwa Ikrèn pran yon desizyon konsa depi konfli te pete ant 2 kapital yo an 2014 apre latwoublay te gaye nan pati lès Ikrèn epi Larisi te anekse Preskil Krime a. Peyi manm l'OTAN yo ak patnè òganizasyon an genyen nan l'Oksidan pran pozisyon pou Ikrèn e yo kondane Moskou pou aksyon an.

XS
SM
MD
LG