Misyon konjwen OEA-CARICOM nan peyi Dayiti a deplore ensidan vyolan ki te eklate , sa pa gen lontan, pandan kanpay pou eleksyon prezidansyèl yo .
Nan moman kanpay elektoral la ap antre nan dènye semèn ni, misyon obsèvasyon elektoral konjwen OEA-CARICOM nan lanse apèl pou kandida ala prezidans yo fè tout sa yo kapab pou pèmèt kanpay la kontinye dewoule nan yon klima tolerans ak respè youn-pou-lòt.
Nòt misyon an voye bay laprès di:
"Jiska tou dènyèman la a, kanpay prezidansyèl la t ap dewoule jeneralman nan yon atmosfè tèt ansanm ak konpreyansyon. Misyon an deplore ensidan vyolan ki rive semèn pase a, lè afwontman te eklate ant patizan 2 kandida yo, pandan rasanbleman popilè nan Pòtoprens ak Kap-Ayisyen.
Se responsablite kandida prezidansyèl yo pou yo kalme pasyon patizan yo e rekòmande lapè. Yo dwe kondane piblikman zak vyolans sipotè yo oubyen lòt moun ap komèt. Yo dwe sèvi kòm egzanp, kote yo evite konpòtman ki ka debouche sou deranjman lòd piblik.
Nan sans sa a, misyon an deplore apèl kandida yo lanse pou patizan yo desann sou beton an apre eleksyon yo, pou kriye viktwa. Misyon OEA-CARICOM nan ap fè kandida yo sonje ke eleksyon se ak bilten vòt moun ranpòte yo e non pa ak kantite moun ki desann nan lari. Lidè politik yo dwe pwofite de sezon kanpay la pou yo mete aksan sou angajman yo pran pou apiye demokrasi ak sans responsablite yo , kote yo respekte règ jwèt la ak atik ki nan lwa elektoral la.
Misyon konjwen an kondane tou asasinay moun ki t ap kole postè semèn pase a, e li pran bònn nòot sou reyaksyon rapid moun te konstate bò kote polis nasyonal Dayiti. Misyon an espere ankèt la pral respekte règ ak prensip etabli yo, konsa, se tribinal ki pral detèmine responsablite ak pinisyon pou krim-nan."