Accessibility links

Breaking News

Rankont Prezidan Trump ak Lidè Demokrat yo nan Kongrè a sou Finansman yon Miray Ant Lèzetazini ak Meksik


Migran Santwo-Ameriken ki rasanble sou bò meksiken fwontyè ki separe Lèzetazini avèk Meksik la.
Migran Santwo-Ameriken ki rasanble sou bò meksiken fwontyè ki separe Lèzetazini avèk Meksik la.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, ap rankontre madi 11 desanm 2018 la avèk lidè demokrat nan Kongrè a nan kad dènye efò administrasyon li a ap fè pou wè si Kongrè a ta apwouve yon fon lajan pou finanse konstriksyon yon miray sou fwontyè ki separe peyi a avèk Meksik -lidè ameriken an te pwomèt konstriksyon sa a depi nan kanpay elektoral la. Gouvènman an ap fè efò sa yo nan moman pa rete twò lontan pou 2 chanm yo (Sena a ak Chanm dè Reprezantan an) apwouve bidjè nasyonal la pou ane fiskal 2019 la; an fèt, senatè yo ak depite yo genyen jiska 21 desanm k ap vini la a kòm dat limit pou yo òganize vòt final la.

Vòt sou pwojè-lwa konsènan finasman kontriksyon miray la reprezante dènye aksyon Kongrè a gen pou l poze pandan repibliken yo genyen kontwòl Chanm Depite a toujou; e 2 chanm yo dwe fè lejislasyon an pase a-tan si yo ta renmen evite yon fèmti gouvènman an anvan kòmansman vakans fen dane yo.

Yon fanmi migran ki fè pati yon karavàn ki gen plizyè milye moun ladan n. Yo sòti nan Amerik Santral la e y ap chache antre sou tèritwa ameriken an, nan zòn Tijuana, O Meksik. Gad fwontyè ameriken te resevwa yo avèk kout gaz lakrimojèn. (Foto: 25 novanm 2018).
Yon fanmi migran ki fè pati yon karavàn ki gen plizyè milye moun ladan n. Yo sòti nan Amerik Santral la e y ap chache antre sou tèritwa ameriken an, nan zòn Tijuana, O Meksik. Gad fwontyè ameriken te resevwa yo avèk kout gaz lakrimojèn. (Foto: 25 novanm 2018).

Prezidan Trump pral rankontre ak lidè minorite a nan Sena a, Chuck Schumer, e ak lidè demokrat la nan Chanm dè Reprezantan an, Nancy Pelosi, pou wè si yo ka jwenn yon teren dantant konsènan yon sòm lajan ki monte rive 5 milya dola pou finansman miray la; lajan ki ta dwe sòti nan bidjè nasyonal la pou ane fiskal k ap antre a. Lidè ameriken an --ki t ap pale sou dosye a-- deklare konstriksyon miray la ta kapab bloke yon envasyon imigran k ap sòti nan Amerik Santral la e ki vle antre pa bann e pa pakèt Ozetazini.

Administrasyon Trump la te deja resevwa yon milya 375 milyon dola pou kontwòl sekirite sou fwontyè peyi a pou ane fiskal ki pran fen nan dat 30 septanm pase a (kidonk, pou ane fiskal 2018 la). Lajan sa a pa genyen ladan n kòb ki nesesè pou konstriksyon miray la.

XS
SM
MD
LG