Misyon Stabilizasyon Nasyon Zuni ann Ayiti (MINUSTAH) demanti enfomasyon ki fè kwè gouvènman ayisyen ta bezwen otorizasyon konsèy sekirite LONU pou l kreye yon fòs lame.
Pòtpawòl MINUSTAH a, Sylvie Van Den Vildenberg, ki pale nan non reprezantan sekretè jeneral LONU an nan peyi Dayiti, Mariano Fernandez, di Lavwadlamerik konsèy sekrite a pral oblije modifye manda MINUSTAH a si otorite yo ta mande asistans Misyon nan kad fòmasyon nouvèl fòs sa a. Madam Vildenberg presize : « kreayson yon fòs ame se dwa gran moun peyi Dayiti. LONU pa ka foure bouch nan sa. »
Reprezantan LONU an ap tann li finn diskite avek nouvo gouènman an avan li reyaji nan laprès sou dosye a.
klike sou ralonj ki anlè e adwat atik la pou koute entèvyou pòtpawòl MINUSTAH a bay Lavwadlamerik.