Konsèy Sekirite Nasyonzini an koumanse fè konsiltasyon sou yon posib katriyèm vag sanksyon kont Iran akòz pwogram nikleyè sispèk Repiblik Islamik la.
Minis Defans Etazini an, Tobert Gates, deklare li genyen konfyans Konsèy Sekirite Nasyonzini an pral' apwouve, anvan lontan, yon rezolisyon pou mete sanksyon sou Iran. Yon diplomat franse nan l'Onu fè konnen yon vòt sou kesyon an kapab tonbe pou pita bonè mèkredi 9 jen an.
Iran lanse avètisman pou di nouvo sanksyon yo kapab mete fen nan konvèsasyon k'ap dewoule sou kesyon nikleyè a. Prezidan Mahmoud Ahmadinejad di Lèzetazini ak alye li yo fè erè si yo panse yo kapab ap enpoze sanksyon epi nan menm moman an chita ap negosye.
Premye minis La Russie a, Vladimir Putin, di Konsèy la preske preske finn antann li sou rezolisyon an. Men li ajoute "sanksyon yo pa dwe twò lou ni mete baryè sou wout Iran nan direksyon enèji nikleyè pasifik."
Lèzetazini ak alye li yo akize Téhéran deske l' ap eseye fabrike yon zam nikleyè—yon akizasyon Iran demanti. Misye Putin ak misye Ahmadinejad fè deklarasyon sa yo nan Turki, madi 8 jen an, kote y'ap patisipe nan yon somè rejyonal. Mwa pase, Iran te jwenn yon akò ak Turki e ak Brezil pou l' voye yon pati nan iranyòm li nan Ankara e, kòm de retou, Turki va founi li konbistib nikleyè.
Prezidan Ahmadinejad deklare "boukantaj iranyòm kont konbistib nikleyè a se yon opòtinite inik ki pa pral prezante ankò." Lidè iranyen an di li espere kominote entènasyonal la va aksepte aranjman sa a.