Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Ameriken an Mike Pompeo Ap Fè yon Vire Won ann Azi


Sekretè Deta ameriken Mike Pompeo pandan li te rive nan peyi Malezi, jedi 2 out 2018 la.
Sekretè Deta ameriken Mike Pompeo pandan li te rive nan peyi Malezi, jedi 2 out 2018 la.

Sekretè Deta ameriken Mike Pompeo rive nan peyi Malezi, premye eskal yon vire-won ann Azi kote li ka santre sou mwayen pou fè vanse komès lib e mete presyon sou Kore di Nò pou l abandone zam nikleyè li yo.

Pandan vizit li a, Mesye Pompeo pral ankouraje peyi yo pou yo mete presyon sou Kore di Nò ak sanksyon, dapre yon gwo zotobre nan Depatman Deta ki te pale ak repòtè pandan li te nan avyon pou ale Kuala Lumpur nan peyi Malezi.

Depi Prezidan Donald Trump te rankontre ak lidè Kim Jong Un nan mwa Jen pase a, otorite ameriken yo gen kofyans Pyongyang ap abandone zam nikleyè li yo, men yo pa gen prèv ke li koumanse fè sa.

XS
SM
MD
LG