Accessibility links

Breaking News

Michelle Wu Prete Sèman Kom Premye Majistra Fanm Vil Boston


Michelle Wu leve men li nan moman lap prete seman kom nouvo majistra vil Boston, 16 Nov. 2021.
Michelle Wu leve men li nan moman lap prete seman kom nouvo majistra vil Boston, 16 Nov. 2021.

Michelle Wu prete sèman kom premye majistra fanm vil Boston janm genyen e premye moun ki pa blan ki okipe pòs sa a nan listwa vil la.

Seremoni envestiti a dewoule Madi kote Wu, yon Azyatik Amerikèn tounen premye majistra fanm vil Boston apre li ranpote eleksyon an.

Anvan Wu Boston te toujou eli gason blan kòm majistra.

Wu gen 36 zan e lap ranplase majistra a.i. Kim Janey. Janey, ki se yon Demokrat tou, te premye fanm ak premye moun nwa ki te sèvi kom majistra men li pat eli.

Kounyela a, Wu gen pou leve defi ki poze pou'l fè tounen reyalite, yon pakèt pwomès li te fè pa rapò ak chanjman li ta renmen wè nan vil la.

GADE: Repotaj Erlich Dorelas sou Ayisyen ki ranpote eleksyon vil Boston

Yon ayisyen-ameriken ranpòte pòs manm Konsèy Kominal nan Boston.
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:12 0:00

XS
SM
MD
LG