Accessibility links

Breaking News

Michelle Obama Pral Pibliye yon Nouvo Liv nan Sezon Otòn nan


Imaj sa a ke Random House pibliye montre kouveti liv ansyen premye dam Etazini Michelle Obama a "The Light We Carry".
Imaj sa a ke Random House pibliye montre kouveti liv ansyen premye dam Etazini Michelle Obama a "The Light We Carry".

Michelle Obama va pibliye yon nouvo liv nan sezon otonn nan kote li reflete sou eksperyans li epi pataje sa li aprann pandan lap eseye navige yon mond ki chaje ak stres.

"The Light We Carry" (limye nou pote a) se premye liv ansyen premye dam nan ekri depi ane 2018 la le li te pibliye "Becoming" yon liv ki te popile a mo e ki te vann plis pase 17 milyon kopi toupatou nan mond lan.

Konpayi Crown pral pibliye liv la, ki gen 336 paj 15 Novanm, egzakteman 4 ane jou pou jou ak piblikasyon "Becoming".

"The Light We Carry: Overcoming in Uncertain Times" pral pibliye similtaneman nan 14 lang nan 27 peyi, e gen anpil chans pou yo ajoute plis peyi nan l avni.

XS
SM
MD
LG