Accessibility links

Breaking News

Miami: Yon Ayisyèn Touye 2 Pitit li


Foto sa a ke prizon awondisman Miami-Dade la distribye bay lapres montre Odette Lysse Joassaint, 41 an, ke yo akize de asasina nan lanmo 2 pitit li ki te gen 3 ak 5 an.
Foto sa a ke prizon awondisman Miami-Dade la distribye bay lapres montre Odette Lysse Joassaint, 41 an, ke yo akize de asasina nan lanmo 2 pitit li ki te gen 3 ak 5 an.

Lapolis nan Miami arete yon dam ki gen 41 an an koneksyon ak lanmo 2 pitit li ki gen 3 zan ak 5 an, apre la polis te reponn yon apel ijans 911 ki soti nan apatman li kote yo jwen kadav timoun yo.

"Vinn pran yo, mwen pa vle yo anko," Odette Lysse Joasaint - yon Ayisyèn di polisye ki reponn apèl dijans la Madi swa, dapre rapo lapolis. Polisye yo di dam nan te sanble li pa byen nan tèt li.

Ofisye yo antre nan apatman an e se la yo jwen yon tigason ki gen 3 zan ak yon tifi ki gen 5 an.

Timoun yo te kouche sou yon kabann ak bra yo, pye yo epi kou yo mare, dapre lapolis.

Polisye yo te eseye resisite timoun yo anvan sekouris yo te rive sou sèn nan kote yon deklare yo mouri.

La jistis akize dam nan de asasina.

Lapolis di yo pa konnen konbyen fwa dam nan te rele nimewo dijans la ni si li te pale ak yon moun.

Yo pa pibliye okenn lot detay pou kounyea.

XS
SM
MD
LG