Accessibility links

Breaking News

Mesaj Sekretè Deta Clinton Bay Pèp Iranyen an


Manifestan ki kenbe nan men yo foto lidè siprèm Ayatollah Ali Khamenei nan yon priyè vandredi nan Tehran kòm yon repons a pwotestasyon antigouvènmantal ki te fè pi bonè nan semèn 28 fev. 2011 (AP Photo/Vahid Salemi)
Manifestan ki kenbe nan men yo foto lidè siprèm Ayatollah Ali Khamenei nan yon priyè vandredi nan Tehran kòm yon repons a pwotestasyon antigouvènmantal ki te fè pi bonè nan semèn 28 fev. 2011 (AP Photo/Vahid Salemi)

Nan mwa fevriye pase, plizyè dizèn milye iranyen te desann nan lari toupatou nan Iran pou apiye manifestasyon pwo-demokrasi ki t ap dewoule lòt kote nan Mwayen-Noryan an. Kantite ak konviksyon moun yo vinn demanti obsèvatè ki t ap fè konprann mouvman demokrasi a nan Iran ki te mete plizyè moun nan lari an 2009 te pèdi konpa l. Yo te di mouvman an te viktim anba yon gwo mank enterè oubyen anba represyon brital gouvènman iranyen an t ap komèt sou disidan yo.

Se sèten ke represyon an te kontinye malgre bravo gouvènman an ap bat pou manifestasyon k ap dewoule nan lòt peyi nan rejyon an, responsab iranyen yo deplwaye plizyè milye ajan sekirite nan Teheran ak kèk lòt vil anvan manifestasyon mwa fevriye pase yo.

Lè manifestasyon yo te rive fèt, yo vide kout baton sou manifestan pasifik, yo lanse sou yo gaz lakrimojèn ki pase plizyè jou ap boule, e otorite iranyen yo arete plizyè santèn e touye omwen 3 ladan yo. Otorite iranyen yo mete lidè opozisyon Mir Mousavi ak Mehdi Karroubi nan rezidans siveye, san yo pa anmezi pou pran kontak ak lòt iranyen parèy yo.

Malgre tout sa, pèp iranyen an defye represyon an e desann nan lari pou manifeste anfavè demokrasi ak libète.

Sekretè Deta Ameriken an Hillary Clinton
Sekretè Deta Ameriken an Hillary Clinton

Sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton bat bravo pou kouraj yo, vanyans yo. Nan yon deklarasyon madan Clinton publiye, li di : "nou konstate bravou plizyè milye iranyen ki, yon lòt fwa ankò, desann nan lari pou egzèse dwa fondamatal pou rasanble pasifikman e pou libète dekspresyon. Li parèt klè pou lemond antye ke Iran refize bay pèp li a menm dwa fondamantal li kontinye ap aplodi nan lòt peyi Mwayen-Noryan an. "

Madam Clinton lonje dwèt tou sou operasyon sere boulon gouvènman iranyen an kontinye ap lanse nan lari a. Lidè rejim nan sible militan dwazimen ak lidè politik ak defansè dwazymen. Otorite yo poze arestasyon, sa pa gen lontan, ansyen fonksyonè gouvènman ak manm fanmi yo, ansyen manm palman an, lidè relijyeu ak pititt yo, lidè etidyan ansanm ak pwofesè yo, jounalis ak blogè. Yo kontinye refize bay iranyen aksè ak enfòmasyon, kote yo bloke emisyon y ap difize pa satelit ansanm ak sit entènèt.

Sekretè deta Hillary Clinton lanse apèl pou gouvènman iranyen an libere tout prizonye politik ansanm ak manm minorite relijye e etnik y ap pèsekite nan Iran. Madam Clinton fè remake kondisyon dwazimen yo kontinye ap deteryore nan Iran, e kominote entènasyonal sètoblije abòde kesyon an tanzantan.

XS
SM
MD
LG