Accessibility links

Breaking News

Meksik Voye Plizyè Minè Ozetazini Pou Pran Vaksen Kont COVID-19


Mexico Border Vaccinations
Mexico Border Vaccinations

Plizyè santèn adolesan Meksiken pran otobis pou travèse fwontyè Etazini a pou al pran vaksen kont kowonaviris la anba yon pwogram pilòt vil San Diego, nan eta Kalifoni ap fe.

Apeprè 150 jèn te rive nan konsila Meksiken an nan San Diego pou pran vaksen an. Inisyativ transfontalyè a pral iminize jiska 450 jèn ki gen ant laj 12 ak 17 ane anvan fen mwad Desanm.

Efò a te kòmanse pa yon gwoup nan San Diego k ap travay ak konsila Meksiken an. Meksik te anreta nan koze vaksinasyon minè yo kont viris la, paske li pa t gen ase rezèv vaksen pou kouvri popilasyon li a.

XS
SM
MD
LG