Accessibility links

Breaking News

Meksik Pral Ofri Viza pou 52 Mil Ayisyen


USA-IMMIGRATION/MEXICO
USA-IMMIGRATION/MEXICO

Tout desizyon pou depòte imigran ayisyen yo nan peyi yo se t ap yon krim akoz move kondisyon ki egziste nan peyi yo. Se sou prensip sa a gouvènman meksiken an baze l pou l prepare yon pwogram espesyal pou l regilarize sitiyasyon migran ayisyen yo, pou yo kapab entegre nan ekonomi nasyonal la.

Andrés Ramírez, chèf Komisyon Meksiken sou Èd pou Refijye yo, rapòte ke depi 16 novanm, 45 mil ayisyen ki aplike pou estati refijye a te enskri. M. Ramirez deklare:

“Nou konnen byen ke sitiyasyon an Ayiti se yon sitiyasyon tèrib. Se yon peyi san palman k ap fè fas ak yon sitiyasyon kote yon tranblemanntè fèk pase, ak asasinay prezidan an. An reyalite, voye ayisyen yo tounen an Ayiti oubyen depòte yo nan yon lòt peyi, se pratikman yon krim, e nou 100 pou 100 kont yon bagay konsa."

Andrés Ramirez fè konnen yon reyinyon ke Sous-Sekretè Afè Dwa Moun nan, Alejandro Encinas, ak Komisyonè Nasyonzini pou Refijye (UNHCR) yo, Filippo Grandi, te dirije lendi pase a, te reyini plizyè ofisyèl Ministè Enteryè a. Nan fen reyinyon sa a, gouvènman Meksiken te deside ofri yon altènatif pou imigran ayisyen yo, swa yon chans pou yo regilarize sejou yo nan Meksik.

XS
SM
MD
LG