Accessibility links

Breaking News

Meksik: Plizyè Migran Ayisyen Pwoteste Pou Mande Pèmi Travay


Migran Ayisyen Pwoteste Nan Mexico Siti
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:39 0:00

Migran Ayisyen Pwoteste Nan Mexico Siti

Plizyè santèn migran ayisyen te rasanble jedi devan Komisyon Meksiken pou Refijye yo (COMAR) nan espwa jwenn pèmi pou pèmèt yo travay nan vil Meksik.

Migran yo te rakonte fristrasyon akoz yo ka jwenn otorizasyon pou yo travay nan peyi Meksik.

Gen kèk moun ki te di yo te refize demann yo paske yo te deja ba yo pèmi travay nan Tapachula, yon vil nan sid Meksik kote migran yo di kondisyon lavi pa bon e yo pa ka jwenn travay.

Jean Batiste ki se yon migran ayisyen ki te patisipe nan manifestasyon an, te di Ajans AP ke Li te kite Ayiti gen 5 ane de sa e li te rive nan Meksik apre li te fè yon vwayaj long soti nan peyi Chili.

Batiste te di li pa t ap kite vil Meksik san papye ki nesesè yo paske li konnen otorite imigrasyon yo te kapab arete l.

Ane pase plizyè migran te kite peyi d Ayiti akoz kriz politik ki genyen lakay yo, plizyè nan yo fè vwayaj ki long ak espwa ke yo tap ka rive lakay "Tonton Sam" pou mande azil, men anpil nan yo oblije rete nan peyi Meksik, pou yo kapab retann vèdik jij imigrasyon nan peyi Etazini, gen nan yo ki deside chèche pran kat pwoteksyon nan peyi Meksik, gen plis pase 38,000 moun k ap chèche pwoteksyon, men mwens pase mwatye nan yo te resevwa li.

Pwoteksyon sa a gen ladann yon pèmi travay ki vize pou ba yo mwayen pou yo rete nan peyi a olye pou yo kontinye vwayaj yo nan nò rive nan fwontyè Etazini an, ann akò Meksik ak Washington.

XS
SM
MD
LG