Otorite sa a se Kelly Sadler, yon asistan espesyal nan biwo kominikasyon La Mezon Blanch. Nouvèl yo di li ta pale konsa jedi nan yon reyinyon manm pèsonèl biwo a. 2 moun ki te asiste rankont la e ki pale ak AP a kondisyon pou non yo pa site, di "pawòl sa yo etone e choke" yo.
Yon otorite nan La Mezon Blanch rejte pozisyon Senatè John McCain kont moun Prezidan Trump chwazi pou dirije CIA a. Otorite sa a ta di, "Sa pa gen enpòtans; de tout fason Misye prèt pou mouri." Senatè McCain, yon repibliken Eta Arizona ki gen 81 nan, ap soufri ak maladi kansè.
An plis AP, lòt ajans nouvèl konfime deklarasyon yo. La Mezon Blanch pa demanti nouvèl la. Li pibliye yon deklarasyon kote li di: "Nou respekte sèvis Senatè McCain rann peyi nou an e nou kenbe li-menm ak manm fanmi li nan priyè nou pandan y ap travèse moman difisil sa yo."
Nan sware jedi 10 me 2018 la, aprè laprès te fin rapòte deklarasyon Sadler a, madanm senatè a, Cindy McCain, poste yon nòt sou kont Twitter li kote li di:
"Eske mwen ka raple tout moun ke mari mwen genyen yon fanmi, 7 pitit ak 5 pitit-pitit?"