Aprè Prezidan ameriken an Donald Trump, te fin rankontre, vandredi 13 jiyè 2018 la, avèk Premye Minis britanik la, Theresa May, li deklare yon entèvyou byen chofe li te bay yon jounal britanik jedi a se yon entèvyou ki plen avèk sa li rele "nouvèl fabrike" ("fake news").
Misye Trump di: "Mwen pa t kritike Premye Minis May. Mwen gen anpil respè pou chèf gouvènman britanik l a. Men, malerezman gen yon repòtaj ki te fèt e ki, an jeneral, te byen fèt; men yo pa mete ladan n sa m te di de Premye Minis la; e m te di anpll bèl bagay de li."
Nan aktyalite a rankont ant 2 lidè yo vini dèyè e li byen pal aprè yon entèvyou Prezidan an te fè anvan sa avèk jounal britanik "The Sun" kote li kritike Madam May anpil pou fason li jere dosye Brexit la. Misye Trump felisite minis afè etranjè Madam May a kòm yon bon kandida pou ranplase PM nan.
Daprè ofisyel yo nan La Mezon Blanch, 2 lidè yo rankontre nan Chequers kote to abòde kesyon politik afè etranjè -ladan yo te gen dosye Mwayen Oryan an. Nan kòmansman diskisyon yo, Misye Trump te di laprès "ralasyon ant Lèzetazini avèk Lagrann Bretay toujou rete "trè fò"...
Prezidan an vizite tou, nan jounen vandredi a, Akademi Militè Sandhurts la anvan li te ale Chequers, yon mezon ki te bati nan 16èm syèk la e ki se rezidans Premye Minis la. Nan apremidi menm jounen vandredi a Prezidan Trump ak Premyè Dam amerikèn nan, Melania Trump, rann Larèn Elizabeth II yon vizit nan Chato Windsor la.