Accessibility links

Breaking News

Minis Defans Ameriken Jim Mattis Kondane Atak Lame Tirki Lanse nan Nò Siri


Jim Mattis ap pase an revi yon gad donè ansanm avèk kòlèg endonezyen li, Ryamizard Ryacudu, nan Depatman Defans la nan Dyakata (Foto: REUTERS/Darren Whiteside - Dyakata, Endonezi 23 Janvye 2018).
Jim Mattis ap pase an revi yon gad donè ansanm avèk kòlèg endonezyen li, Ryamizard Ryacudu, nan Depatman Defans la nan Dyakata (Foto: REUTERS/Darren Whiteside - Dyakata, Endonezi 23 Janvye 2018).
Minis defans ameriken an, Jim Mattis, kondane ak tout fòs, madi 23 janvye 2018 la, operasyon militè Peyi Tiki lanse kont milisyen kird Lèzetazini apiye nan pati nò Siri, paske, daprè Misye Mattis, atak sa a wete atansyon sou lit kont militan Gwoup Eta Islamik la.
Pandan chèf Pentagòn nan t ap pale ak laprès nan Endonezi, li deklare: "Vyolans k ap dewoule nan rejyon Afrin nan vin deranje klima a nan yon zòn ki te relativman stab. Se yon distraksyon ki nui efò entènasyonal k ap fèt pou garanti echèk Gwoup Eta Islamik la, epi militan sa yo ak Al-Kaida kapab eksplwate sitiyasyon sa a."
Semèn pase a, Peyi Tiki te kòmanse lage bonm nan rejyon Afrin, nan pati nò frontyè SIri ak Tiki, ki anba kontwòl Kird yo kote Annkara te voye sòlda. Objektif la sete dechouke konbatan Inite Pwoteksyon Pèp Kirdistan an, ou YPG.
XS
SM
MD
LG