Accessibility links

Breaking News

Josette Massillon, Manm Konsèy Elektoral la, Eksplike Absans Fanm yo nan Politik ann Ayiti


Dapre MadamMassillon, youn nan rezon ki eksplike refi oubyen ezitasyon fanm yo pou yo antre nan politik e rete nan politik, sè ke fanm yo viktim vyolans non sèlman nan lavi chak jou yo, men sitou pandan peryòd elektoral la. Se sa li rele “vyolans elektoral” ak “vyolans politik”.

Youn nan manm Konsèy Elektoral Pwovizwa ayisyen an (KEP), Josette Massillon, di li regrèt konsta ki montre kantite fanm ki enplike nan pwosesis elektoral la nan peyi a bese anpil pa rapò ak kantite ki te patisipe nan eleksyon pase yo. Madam Massillon, ki reprezante sektè fanm nan nan KEP a, eksprime opinyon sa a nan yon entèvyou li bay Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la.

Konseye elektoral la fè konnen responsab KEP yo pa rete bra kwaze devan sitiyasyon sa a. Daprè li, sòti nan ane 2006 pou rive nan dènye eleksyon yo, patisipasyon medam yo nan aktivite elektoral yo preske rive nan nivo zewo. Pou madam Massillon ilistre opinyon sa a, li atire atansyon sou le fèt ke pa gen yon fanm pami 10 senatè ki rete nan palman an. Pou l eseye pote yon solisyon pou absans medam yo sou teren politik la, Josette Massillon pale de seyans fòmasyon KEP a reyalize avèk divès sektè, sitou òganizasyon medam yo ak dirijan pati politik yo pou motive fanm yo enplike plis nan politik peyi yo.

Dapre Josette Massillon, youn nan rezon ki eksplike refi oubyen ezitasyon fanm yo pou yo antre nan politik e rete nan politik, sè ke fanm yo viktim vyolans non sèlman nan lavi chak jou yo, men sitou pandan peryòd elektoral la. Se sa li rele “vyolans elektoral” ak “vyolans politik”. Madam Massillon ajoute sou lis obstak yo yon “eleman ekonomik“, lè w konsidere ke lwa elektoral yo toujou fè yon kandida obligasyon pou li posede kay prive li kòm kondisyon pou l patisipe nan yon eleksyon o nivo palman an ak nivo prezidansyèl la –yon kondisyon ke 9% fanm sèlman ann Ayiti rive satisfè.

XS
SM
MD
LG