Accessibility links

Breaking News

Mawòk: 2 Lane Prizon Pou Yon Pwofesè Inivèsite Akòz Chantaj Seksyèl


Maroc school
Maroc school

Yon pwofesè inivèsite nan peyi Mawòk, ke lajistis ap pouswiv poutèt li ta fè chantaj seksyèl sou medam etidyan yo pou ba yo bon nòt, jwenn 2 lane prizon san wete san mete, dapre sa medya lokal yo rapòte mèkredi swa.

Se premye fwa tribinal bay yon vèdik nan kad eskandal ke yo rele "sèks pou bon nòt la", ki lage yon vèni sou inivèsite yo.

Pwofesè sa a ki anseye syans ekonomik nan inivèsite Hassan Premye nan Settat, tribinal jwenn li koupab pou "derespektan seksyèl", "vyolans" ak "nwizans seksyèl" devan chanm kriminèl ki nan kou dapèl nan yon vil toupre Casablanca, dapre medya yo.

Nouvèl yo rapòte ke youn nan medam ki te pote plent yo dakò pou l kite akizasyon an tonbe a kondisyon pou l touche yon dedomajman 70-mil dirhans, ki vo 6-mil-640 ewo.

4 lòt pwofesè inivèsite ap fè fas ak menm pwoblèm nan, pami yo gen 2 ki jwenn libète pwovizwa.

Se pa premye fwa gen plent etidyan konsa kont pwofesè yo, men medam yo konn pa pote plent paske yo pa vle wont devan sosyete a, e paske plent sa yo konn pa debouche sou okenn kondanasyon.

An 2018 apre anpil deba chofe, yon lwa vin antre an vigè sou kesyon an. Pou premye, lalwa a bay santans prizon pou zak ke tribinal "konsidere kòm nwizans, agresyon, eksplwatasyon seksyèl oubyen move tretman." Mouvman ki te soulve kesyon akoz tèks lwa a te manke fòs.

XS
SM
MD
LG