Marleine Bastien, direktris ekzekitif Fanm Ayisyèn nan Miami, yon òganizasyon kap defann dwa medam yo nan Florid rann otorite yo an Ayiti responsab pou desizyon Direktè Depatman Sekirite Teritoryal Etazini an pran pou l renouvle Stati Pwoteksyon Tanporè a (TPS) pou sèlman 6 mwa pou imigran ayisyen, ki te deja genyen l yo.
Alatèt òganizasyon dwa medam yo fè konnen li pa kwè Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, te voye yon lèt bay chèf deta ameriken an ,Donald Trump, pou l te mande l renouvle TPS la pou imigran ayisyen yo pou 18 mwa. Pou Madam Bastien, otorite ameriken yo konnen Ayiti pa pare pou resevwa 58.000 imigran.
Madam Bastien di sant lap dirije a te mande otorite imigrasyon amerikèn yo renouvle TPS la pou 24 mwa pou imigran ayisyen yo. Madam Bastien konseye moun ki gen TPS yo pou kontakte avoka yo yon fason pou yo kapab konnen lòt opsyon yo genyen pou yo pa sibi depòtasyon apre dat limit la.
Depatman Sekirite Teritoryal Ameriken an te fe konnen nan lendi 22 me 2017 la ke li deside pwolonje TPS la pou imigran ayisyen yo pou 6 pwochen mwa kap vini la. Renouvèlman an ap antre an aplikasyon 23 jiyè e lap pran fen 22 janvye 2018.
Dapre nòt la ki pote siyati Minis Sekirite Teritoryal la John Kelly mande imigran ayisyen ki gen TPS yo pou yo pwofite pandan espas 6 mwa sa a pou yo fè aranjman pou jwenn dokiman legal pou yo kapab pati kite peyi Etazini.
Madam Bastien ki pa satisfè ak desizyon otorite imigrasyon yo di gouvènman ayisyen an pat prezante yon ka solid devan responsab ameriken yo pou te montre peyi Dayiti poko pare. Madam Bastien ki tap reponn kesyon Lavwadlamerik nan mikwo Jean Pierre Leroy di yo pral kontinye fè lòt demach bò kote palmantè ameriken yo pou yo kapab ankouraje adminstrasyon Trump la pwolonje TPS la pou ayisyen yo pou yon dat ki pi long.
Klike sou lyen odyo a pou tande deklarasyon Madam Bastien an nan mikwo Jean Pierre Leroy.