Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon 'Sispann Doktrin nan' Konfwonte Pap Francois nan Canada


Manifestan devwale yon banye pandan Pap Francois ap chante lames nan Bazilik Saint Anne de Beaupre a nan vil Quebec, Canada, Jedi 28 Jiye, 2022.
Manifestan devwale yon banye pandan Pap Francois ap chante lames nan Bazilik Saint Anne de Beaupre a nan vil Quebec, Canada, Jedi 28 Jiye, 2022.

Pap Francois fè fas ak demann pèp endijèn yo ap fè depi lontan pandan pelerinaj li nan peyi Canada.

Yo vle pou pap la vag nèt sou dekrè ki se nan-nan swadizan "Doktrin Dekouvèt" la ke te lejitimize sezi tè ak resous pèp sa a nan epok kolonyal la.

Anvan li te chante lamès Jedi, manifestan yo te monte sou otèl la ak yon banyè. Banyè a te make an wouj ak nwa: "Sispann Doktrin nan".

Se yon referans ak dekrè ki date de 15èm syèk la ki te bay wayom Ewopeyen yo apwi relije pou elaji teritwa yo pou pwopaje relijyon kretyen an.

Responsab legliz yo ensiste pou di dekrè sa yo fin ranplase depi lontan ak lot dekrè ki apiye dwa pèp Endijèn yo.

XS
SM
MD
LG