Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon nan Lagrès


Manifestasyon nan Lagrès
Manifestasyon nan Lagrès

Manifestan grèk k ap pwoteste kont dènye mezi mare-senti gouvènman premye minis Panpadreou a, enben yo antre nan lese-frape ak lapolis nan kapital-la , Atèn.

Gen plizyè dizèn milye pwotestatè ki desann sou beton an nan kap fè yon grèv jeneral k ap dure 2 jou.

Manifestan nan Atèn voye woch ak bonm atizanal sou polisye sou plas Syntagma a ki tou pre palman an.

Polisye grèk yo reponn kif-kif ak gaz lakrimojèn yo tire sou manifestan yo.

XS
SM
MD
LG