Nan peyi Ejip, fòs sekirite yo antre nan lese-frape ak manifestan nan plas Tarir nan vil Lekèr nan yon demach k ap kontinye nan lide pou dispèse foul moun k ap reklame demisyon konsèy militè k ap dirije peyi a.
Lapolis ak lame fè yon desant-de-lye kote yo eseye fè moun yo kite plas la ki sant kapital---yon plas ki te sèvi kòm sant mouvman pwotestasyon ki te kapote ansyen lidè ejipsyen , Hosni Moubarak .
Manifestan ak fòs sekirite voye wòch youn sou lòt, e lapolis tire pou gaye manifestan yo nan moman afwontman yo rive nan yon senkyèm jounen.