Accessibility links

Breaking News

Kominote Chinwa a nan Pari Montre yo Fache Anpil Poutèt yon Polisye Fransè Touye ak Bal yon Sitwayen yo


Kominote Azyatik la an Frans kap pwoteste apre yon polisye fransè touye ak bal yon sitwayen chinwa ki se papa 4 pitit.
Kominote Azyatik la an Frans kap pwoteste apre yon polisye fransè touye ak bal yon sitwayen chinwa ki se papa 4 pitit.

Lachin mande Lafrans pou pwoteje sitwayen chinwa yo nan vil Pari apre lapolis te touye yon Chinwa ki se papa 4 timoun, yon sitiyasyon ki te deklannche manifestasyon vyolan.

Ministè Afè Etranjè chinwa a fè konnen li depoze yon plent ofisyèl sou ensidan an e li ekzòte Lafrans pou l “garanti sekirite ak dwa egal ansanm ak enterè sitwayen chinwa kap viv an Frans yo.”

Ministè a di se polisye en sivil ki te touye sitwayen Chinwa a.

Sepandan, otorite yo an Frans fè konnen polisye a te tire mesye a pou defann tèt li pandan yon desant dè lye paske viktim nan te blese yon ajan lapolis ak yon razwa ki te sèvi kòm zam.

35 moun te jwenn arestasyon yo, dapre otorite Lafrans yo apre manifestan nan kominote azyatik la te okipe beton an. Manifestan yo te kalonnen kout wòch e mete dife nan oto nan moman lesefrape yo ak ajan jandamri fransèz yo devan yon biwo polis la nan nòdès Pari jounen lendi 27 mas 2017 la.

XS
SM
MD
LG