Accessibility links

Breaking News

Manifestan Ayisyen Pwoteste Kont Diskou Geneus Devan Nasyonzini


Minis Afe Etranje Ayisyen Jean Victor Geneus pandan diskou li devan 77e Asanble Jeneral Nasyonzini nan Nouyok, Samdi 24 Sept. 2022.
Minis Afe Etranje Ayisyen Jean Victor Geneus pandan diskou li devan 77e Asanble Jeneral Nasyonzini nan Nouyok, Samdi 24 Sept. 2022.

Pandan Minis Afè Etranjè Ayisyen Jean Victor Geneus tap pwononse diskou li devan Asanble Jeneral Nasyonzini an, yon gwoup manifestan Ayisyen te kanpe nan perimèt katye jeneral LONU an pou pwoteste kont li.

Yo te kenbe pankat nan men yo ki te kritike Premye Minis Ariel Henry ak Geneus kom "pope twèl" Etazini an Ayiti. Youn nan pankat sa yo, ki te gen foto Geneus sou li di li "pa pale pou yo, li pa reprezante yo".

Yon dam aje ki te gen pankat nan men li di VOA Kreyòl: "Jodia m vin la a paske peyi mwen, Ayiti, Ameriken lage l nan gabej pou nou. Li trete nou kom fatra. Minis Geneus ap travay pou Ameriken li pa vin regle anyen pou Ayisyen."

Nou te pale tou ak 2 sè marasa: "Nou vin kanpe devan Nasyonzini jodia pou di Ariel Henry se yon kriminel, se yon volè li pap regle anyen nan peyi a."

Se yon oganizasyon Ayisyen nan Nouyok ki rele KOMOKODA (Kominote Mobilizasyon Kont Diktati Ayiti) ki te òganize manifestasyon sa a devan LONU.

Premye Minis Ayisyen Ariel Henry te sipoze pale pou Ayiti devan asanble jeneral la, men li te deside pito rete an Ayiti akoz sityasyon malouk peyi a ap travèse. Se poutèt sa Minis Afè Etranje Ayisyen, Jean Victor Geneus te pale pou Ayiti samdi swa.

XS
SM
MD
LG