Accessibility links

Breaking News

Konsèy Sekirite Nasyonzini Pral Diskite Sityasyon Ayiti Lendi


Reprezantan Konsey Sekirite Nasyonzini vote sou yon rezolisyon ki anvizaje kondane La Risi pou envazyon Ikren nan, Vandredi 25 Fevriye 2022.
Reprezantan Konsey Sekirite Nasyonzini vote sou yon rezolisyon ki anvizaje kondane La Risi pou envazyon Ikren nan, Vandredi 25 Fevriye 2022.

Konsèy Sekirite Nasyonzini an pral diskite sou sityasyon Ayiti Lendi a 3 zè, dapre enfòmasyon korespondan VOA nan LONU, Margaret Besheer resevwa.

Rankont la pral tande temwayaj Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an Ayiti a, Madan Helen La Lime, Direktè Egzekitif UNODC (Biwo Nasyonzini sou Dwòg ak Krim) epi yon reprezantan WFP (Oganizasyon Alimantasyon Mondyal la).

Rankont sa ap dewoule kèk jou sèlman apre ke Nasyonzini ta anonse sou kont Twitter ofisyèl li ke pèp Ayisyen an rete on priyorite pou li e ke LONU pral kontinye apiye Ayiti.

XS
SM
MD
LG