Accessibility links

Breaking News

Nichols: Etazini Anvizaje Pran Sanksyon Kont Lidè Gang, Politisyen Ayisyen ki Dèyè Zak Vyolans yo


Sekretè d Eta Adjwen Etazini pou Zafè Emisfè Oksidantal yo Brian Nichols nan yon entevyou ak VOA Espayol, 22 Sept. 2022 nan Nouyok.
Sekretè d Eta Adjwen Etazini pou Zafè Emisfè Oksidantal yo Brian Nichols nan yon entevyou ak VOA Espayol, 22 Sept. 2022 nan Nouyok.

Nan yon enveyou ak VOA ann Espayol, Sekretè d Eta Adjwen Etazini pou Zafè Emisfè Oksidantal yo Brian Nichols di Etazini ap travay pou ede Ayiti jere pwoblèm li yo:

"Ayiti se yon priyorite pou kominote entènasyonal la e sitou pou Etazini."

Nichols pale de reyinyon ki deja fèt sou Ayiti:

"Mèkredi nou te patisipe nan yon reyinyon fokalize sou Ayiti ke Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau te dirije."

Nichols: Etazini pral Pran Sanksyon Kont Lidè Gang, Politisyen ki Dèyè Zak Vyolans an Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:51 0:00

Nichols di Etazini ap dirije yon rankont sou Ayiti Vandredi nan Nasyonzini.

"Anbasadè nou nan LONU Linda Thomas Greenfield ap dirije yon reyinyon Vandredi sou sekirite Ayiti, ak asistans imanitè."

Pa rapò ak enpas politik la, Nichols pale sou fason Etazini vle ede Ayiti:

"Nou fokalize sou jwen yon solisyon pou defi lidèship Ayisyen an - byen atnandu yo paka fè'l poukont yo -fòk kominote entènasyonal la apiye yo e se sa nou pral fè - apiye pèp Ayisyen an."

Nichols di Etazini pare sanksyon pou lidè gang yo:

"E nap sèvi ak sanksyon ak lot mezi kont lidè gang yo, òm politik ak moun ki gen resous ekonomik kap apiye gang yo epi ede yo komèt zak vyolans."

Sekretè Brian Nichols te pale ak kolèg nou, Celia Mendoza, nan katye jeneral Nasyonzini nan Nouyòk.

XS
SM
MD
LG