Accessibility links

Breaking News

Manda Darè Kont Ansyen Prezidan Filipinn nan


Manda Darè Kont Ansyen Prezidan Filipinn nan
Manda Darè Kont Ansyen Prezidan Filipinn nan

Yon tribinal nan peyi Filipinn lanse yon manda darè kont ansyen Prezidan Gloria Arroyo anba akizasyon kòmkwa li ta komèt gwo magouy nan eleksyon 2004 e 2007 yo .

Desizyon sa soti kèlke zè apre Konsèy Elektoral Filipinn nan apwouve akizasyon fwòd elektoral ki t ap peze sou do ansyen lidè a.

Konsèy Elektoral la di pi gwo pèn pou yo fwòd konsa se prizon avi. Manda sa a anpeche Madam Arroyo kite peyi a .

Madam Arroyo ak mari li t ap eseye kite peyi a madi ki sot pase la a kote yo di yo t ap fè yon vwayaj medical pou yon maladi zo .

Otorite yo te bloke yo nan aewopò Manille la e anpeche yo pati paske yo te anba envestigasyon .

XS
SM
MD
LG