Accessibility links

Breaking News

Malgre Etazini Relouvri Fwontyè Li, Li Rete Fèmen pou Anpil Peyi


Foto Achiv: Vwayaje nan ayewopo entenasyonal Salt Lake City eta Utah, 17 Out, 2021.
Foto Achiv: Vwayaje nan ayewopo entenasyonal Salt Lake City eta Utah, 17 Out, 2021.

Dapre ekspè yo, sa pral pran plizyè ane pou vwayaj entènasyonal yo reprann totalman. Pou kòmanse, sitwayen mwatye peyi nan lemond poko vaksinnen; e kounyea Etazini fè tout etranje k ap antre lakay li obligasyon pou yo vaksinen kont KOVID-19.

Etazini fè konnen l ap envite kominote mondyal la vin vizite li apre gouvènman an ameriken fin mete fen nan entèdiksyon li te enpoze sou vwayaj touris 33 peyi. Sepandan, reyalite a sè ke l ap trè difisil pou pi fò etranje antre nan peyi a.

Dapre ekspè yo, sa pral pran plizyè ane pou vwayaj entènasyonal yo reprann konplètman. Pou kòmanse, sitwayen mwatye peyi nan lemond poko vaksinnen; e kounyea Etazini fè tout etranje k ap antre lakay li obligasyon pou yo vaksinen kont KOVID-19.

Menm si yon moun vaksinen kont kowonaviris la, sa ka pran plizyè mwa pou li jwenn viza ki nesesè pou li antre Ozetazini. Kèk lot peyi enpoze restriksyon sevè lakay yo tou; sa ki ka konplike vwayaj yon etranje nan peyi sa yo.

Enfòmasyon pou repòtaj sa a sòti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG