Accessibility links

Breaking News

Peyi Malezi Dakò pou Remèt Kadav, Kim Jong Nam, Gran Frè Lidè Kore di Nò a Bay Fanmi li


Yon otobis ki pa idantifye kap pote kadav, Kim Jong Nam, soti nan biwo medsen lejis la kote yo konn fè otopsi nan lopital Kuala Lumpur, Malezi, 30 mas 2017.
Yon otobis ki pa idantifye kap pote kadav, Kim Jong Nam, soti nan biwo medsen lejis la kote yo konn fè otopsi nan lopital Kuala Lumpur, Malezi, 30 mas 2017.

Otorite nan peyi Malezi aksepte retounen kò, Kim Jong Nam, demi frè lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un.

Premye Minis Malezi a, Najib Razak, anonse nan laprès ke otorite lakay li ap remèt peyi Kore di Nò kadav, Kim Jong Nam, sou demand fanmi li. Kim Jong Nam te viktim yon asasinay moun pa konn wè fasil, mwa pase a nan aewopò Entènasyonal Kwala Lumpur.

Mesye Razak fè konnen apre yon otopsi e apre otorite malezyèn yo te fin resevwa yon lèt fanmi viktim nan ki mande pou kadav la retounen nan Kore di Nò. Medsen lejis la dakò pou remèt kadav la.

XS
SM
MD
LG