Accessibility links

Breaking News

Venezuela-Politik Ekonomik: Prezidan Maduro Anonse Kèk Chanjman pou Konbat Lamizè


Prezidan Nicolàs Maduro, ki kenbe yon biyè nouvo lajan nan men l, anonse kèk chanjman pou konbat yon mizè k ap vin pi di chak jou.
Prezidan Nicolàs Maduro, ki kenbe yon biyè nouvo lajan nan men l, anonse kèk chanjman pou konbat yon mizè k ap vin pi di chak jou.

O Venezuela, manm sektè komès ak endistri a reyaji negativman apre gouvènman Prezidan Nicolas Maduro a fin anonse li pral aplike kèk chanjman nan politik ekonomik li; pami chanjman sa yo genyen yon demach pou wete 5 zewo nan valè bon gouvènmanta l yo pou eseye konbat yon enflasyon k ap galope epi ratache bon yo ak nouvo lajan nasyonal la, ki rele Bolivar Soberano (Bolivar Souvren). Lyonel Desmarattes, ki nan sal de nouvel la, ap ban nou kèk reyaksyon.

Youn nan reyaksyon yo sòti bò kote prezidan pi gwo asosyasyon òmdafè venezuelyen an, FEDECAMARA (abreje espayòl pou Federasyon Chanm de Komès Venezyelyen yo).

Nan menm koutkat la, nan yon tantativ pou konbat lamizè nan peyi a, Prezidan Maduro ogmante salè minimòm nan pou fè rive nan nivo 3 mil 400 pou san; se 5èm fwa, depi ane a te kòmanse, gouvènman an deside monte salè minimòm nan. Sepandan, menm chanjman sa a mache ak yon ogmantasyon taks sitwayen yo ap peye, mete sou yon woss nan pri gazolin nan.

Sitwayen venezuelyen, ki t ap viv nan peyi vwazen Kolonbi, mete yo an-liyn pou yo jwenn dokiman ki nesesè pou yo ale nan peyi Ekwatè.
Sitwayen venezuelyen, ki t ap viv nan peyi vwazen Kolonbi, mete yo an-liyn pou yo jwenn dokiman ki nesesè pou yo ale nan peyi Ekwatè.

Yon kriz ekonomik ki la depi plizyè lane e ki pa sispann vin pi mal, fòse plizyè milyon sitwayen venezuelyen kouri kite peyi yo pou yo ale chache yon lavi miyò nan peyi vwazen yo, paske pwodui premye nesesite yo ap vin pi ra chak jou o Venezuela a.

Raul Sanchez-Urribarri –yon konferansye k ap anseye nan Iniversite La Trobe nan peyi Ostrali e k ap swiv de prè evolisyon sitiyasyon an nan Venezuela, pale ak Lavwadlamerik pou l di nouvo plan chanjman sa a pote konfizyon ak lapèrèz pami Venezuelyen yo. Mèt Urribarri deklare:

Nouvo lajan venezueyen an Bolivar Soberano (Bolivar Souvren) : biyè 5 ak 10 Bolivar, ki te fèk sòti nan kesye otomatik (ATM) nan yon bank nan Caracas, Venezuela, lendi 20 out 2018 la.
Nouvo lajan venezueyen an Bolivar Soberano (Bolivar Souvren) : biyè 5 ak 10 Bolivar, ki te fèk sòti nan kesye otomatik (ATM) nan yon bank nan Caracas, Venezuela, lendi 20 out 2018 la.

<<Gen sign ki montre kòmanse gen kè-pa-kontan nan mitan fòzame venezuelyèn nan; yon moun ka wè sa byen si w pran konsiderasyon le fet ke otorite yo poze arestasyon 2 jeneral poutet yo ta swadizan mele nan lansman 2 dwòn ki te ekspoze sa pa gen lontan pandan Prezidan Nicolàs Maduro t ap fè yon diskou; depi lè sa a, lidè venezuelyen an pa sispann di sete yon tantativ asasina kont li.>>

Daprè pwofesè Sanchez-Urribarri toujou, mekon-tantman sa a (ki pa sispann bouyi) se petèt rezon ki pouse gouvènman an vini ak nouvo plan ekonomik sa a.

XS
SM
MD
LG