Accessibility links

Breaking News

Inyon Ewopeyèn ak l'Otan Ankouraje Peyi Masedwann Chanje Non pou l Vin Manm Òganizasyon yo


Premye minis Masedwann nan Zoran Zaevkap pandan li tap fè diskou nan sware referendum pou chanje non Masedwann. 30 septanm 2018. Foto: REUTERS/Ognen Teofilovski.
Premye minis Masedwann nan Zoran Zaevkap pandan li tap fè diskou nan sware referendum pou chanje non Masedwann. 30 septanm 2018. Foto: REUTERS/Ognen Teofilovski.

Otorite nan Inyon Ewop ak l'OTAN ap ekzòte Masedwan pou l pouse pou pi devan ak fòmalite pou chanje non peyi a, sa ki ta pare teren pou ka antre nan tou le 2 òganizasyon sa yo.

Komisè pou agrandi Inyon an, Johannes Hahn, konnen nan yon tweet ke li atann ke tout lidè politik yo respekte desizyon sa a, e pran responsablite pou yo ini dèyè desizyon an, kelkeswa pati politik yo.

Dapre sondaj ofisyèl komisyon elektoral-la, plis pase 90 pousan moun ki reponn kesyon dakor pou Masedwan vin rele Masedwan malgre se sèlman yon tyè nan elektè yo ki vote.

XS
SM
MD
LG