Accessibility links

Breaking News

LOYAL-T Se Nouvo Seri Televize Sineyas Ayisyen Robinson Lauvince Kreye pou Amazon


LOYAL-T
LOYAL-T

LOYAL-T se yon nouvo seri televize orijinal ke sineyas la pwodwi an kolaborasyon ak konpayi pwoduksyon li a, ClearShot Entertainment. Se Samuel Vincent ki ekri istwa a. Gran premye a fikse pou 4 Desanm kap vini an, nan James L. Knight Center nan Miami, Florid.

Nan seri televize sa a nap jwenn kolaborasyon aktè ayisyen e etranje. Men kek pami aktè ak aktris ayisyen ou ka rekonet: P-Jay, Fantom, Florence Dure, Steves J Bryan, Gazzman Couleur, Paul Henry Athis,Stevenson Jean, Athlet "Flav" Saint Fleur epi Will Mauricette.

Robenson Lauvince, ki pwodwi LOYAL-T, se fondatè Clearshot Entertainment. Anpil moun konsidere'l kom jèn talan ayisyen ki gen anpil eksperyans nan mond sinema a. Li fè siksè kòm metè an sèn, sineyas, ekriven, aktè, operatè kamera, editè, ak direktè fotografi. Li te jwenn anpil siksè entènasyonal ak film "Married Men" li a ke li prezante ann Ayiti ak nan peyi etranje. Ou ka rekonèt li tou pou plizyè videyo mizikal li tounen pou atis popilè yo. Robinson se moun Port-de-Paix.

Gran premyè LOYAL-T a fikse pou 4 desanm nan James L. Knight Center nan Miami, Florid.

XS
SM
MD
LG