Accessibility links

Breaking News

L'Otan di l ap Kontinye Atak li yo sou Afganistan


Polisye nan Afganistan
Polisye nan Afganistan

l’Otan di li pral kontinye lanse atak nan nwit li yo sou Afganistan malgre objeksyon prezidan peyi a.

Pòtpawòl l’Otan an, Jeneral de Brigad, Carsten Jacobson, deklare atak ayeryen yo se mwayen ki pi san danje pou yo dechouke lidè rebèl yo.

Li ajoute atak sa yo responsab pou mwens ke 1% viktim sivil e nan 85% operasyon yo --yo pa tire oken bal.

Prezidan afgan an, Hamid Karzai, kondane yon lòt fwa ankò operasyon nan nuit yo yè aprè yon atak ki te fèt anvan yè samdi a sou kay yon gwo otorite ki nan lit kont dwòg e li pat vize lidè rezo militan Haqqani an.

Atak sa a lakoz yon fi mouri e 4 lòt blese.

XS
SM
MD
LG