Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Ap Rankontre ak Premye Minis Britanik la e avèk Prezidan Larisi a

Otorite britanik yo woule tapi wouj pou yo resevwa Prezidan Donald Trump ak madanm li, Melania. (Sou foto a --sòti agoch ale adwat: Melania Truimp, Prezidan Donald Trump, Premye Minis Theresa May, avèk Phillip May, mari Theresa May).

Prezidan ameriken an, Donald Trump, rive nan Lagrand Bretay nan jounen jedi 12 jiyè 2018 la aprè patisipasyon li nan some Oganizasyon Trete Atlantik Nò a (l’OTAN) nan vil Briksèl, nan La Bèljik. Pandan lidè ameriken an nan vil Lond, li pral rankontre avèk Premye Minis Teresa May. Msye Trump kriye viktwa poutèt sa li rele “angajman peyi-manm yo pran pou yo ogmante bidjè defans yo.” Li fè konnen li di li gen konfyans nan oganizasyon transatlantik la malgre mezantant ki egziste ant li-menm avèk kèk peyi manm. Prezidan an deklare:

”Mwen gen konfyans nan l’OTAN. Mwen kwè l’OTAN se yon òganizasyon ki trè enpòtan; petèt li pa t janm gen yon pi gwo enpòtans pase jounen Jodi a. Sepandan Lèzetazini t ap peye ant 70% e 90% depans òganizasyon an fè -chif la tou depann de jan yon moun fè kalkil yo; e se pa yon sitiyasyon ki jist pou Etazini. Jodi a bagay yo chanje. Manm yo kontan pou yo peye lajan yo pat janm peye anvan e yo trete Lèzetazini pi byen.”

Premye Minis britanik la, Theresa May, avèk mari li, Philip (adwat), ki kanpe bò kote Pezidan Donald Trump ak Premyè Dam Lèzetazini an, Melania, nan antre Palè Blenheim nan, tou prè Inivèsite Oxford la, kote yo ta pral asiste yon dine nan konpayi kèk envite espesyal, pami yo te genyen divès òm dafè britanik. Gad britanik, an inifòm tradisyonèl, t ap asire sekirtie a. (Foto: REUTERS, 12 jiyè 2018).

Msye Trump lanse lide pou peyi-manm l’OTAN yo depanse 4% nan bidjè nasyonal yo pou defans. Prezidan franse a, Emmanuel Macron, di pa gen youn nan 29 manm yo ki dakò pou yo ogmante bidjè defans yo pou fè l rive nan nivo 2% avan 2024, ki se ane limit-la.

Lè Prezidan Donald Trump va kite Lagrand Bretaym, li prale nan vil Elsinki, nan peyi Fenland, pou yon somè avèk prezidan ris la, Vladimir Putin. Konsènan rankont sa a, lidè l’OTAN yo di yo pè pou Misye Trump pa ta pale fèm ase ak Misye Putin sou kesyon aneksyon Preskil Krime ak dosye enjerans Larisi nan eleksyon prezidansyè 2016 la Ozetazini. Sou dosye sa a, Prezidan Trump di li pa kontan ak aneksyon Krime a e li rann administrasyon ansyen Prezidan Barack Obama responsab pou sitiyasyon sa a.

XS
SM
MD
LG