Accessibility links

Breaking News

L’OTAN ap Ede Rebèl Libyen yo nan Rechèch pou Mete Men sou Kadhafi ki nan Kache


L’OTAN ap Ede Rebèl Libyen yo nan Rechèch pou Mete Men sou Kadhafi ki nan Kache
L’OTAN ap Ede Rebèl Libyen yo nan Rechèch pou Mete Men sou Kadhafi ki nan Kache

Daprè La Grand Bretay, Òganizasyon Trete Atlantik Nò a (l’OTAN) ap ede rebèl libyen yo nan koukouwouj yo lanse dèyè lidè Libi a, Mohammar Kadhafi ak manm rejim li a nan moman opozisyon an ofri yon rekonpans pou tout moun ki ta mete men (ou ede yo mete men) sou misye Kadhafi.

Minis defans britanik la, Liam Fox --ki t ap pale jedi 25 out 2011 la ak medya Sky News nan vil Lond-- deklare l’OTAN mete a la dispozisyon rebèl yo enfòmasyon sekrè ak ekipman siveyans ki nesesè pou ede yo chache ansyen lidè a ki nan gwo difikilte jounen jodiya. Fòs opozisyon an fè konnen li gen kontwòl 90% tèritwa nasyonal libyen an, men moun pa konnen ki kote Mohammar Kadhafi ye. Otorite ameriken yo di yo panse misye toujou nan Libi.

Lidè Konsèy Nasyonal Tranzisyon an, Mustafa Abdel Jalil, pale mèkredi pou l konfime nouvèl ki di gwoup opozisyon an mete yon pri sou tèt Mohammar Kadhafi pou akselere travay k ap fèt pou mete men sou li.

Misye Abdel Jalil deklare:

“Omdafè nan Benghazi ofri yon rekonpans 2 milyon dinars pou tout moun ki ta rive mete men sou Kadhafi; yon lòt kote, Konsèy Nasyonal Tranzisyon an lanse apèl bay tout moun ki nan antouraj Kadhafi pou di yo, nenpòt nan yo ki ta touye li oubyen arete li, moun sa a ap resevwa amnisti nan men konsèy la.”

Mustafa Abdel Jalil
Mustafa Abdel Jalil

Mustafa Abdel Jalil kontinye pou di konsèy la ta pi pito wè Kadhafi jije nan Libi e non pa nan Wot Kou Etènasyonal Jistis la ki nan vil Lahè, nan La Oland. Tribinal entènasyonal la lanse yon manda darè deyè Misye Kadhafi pou krim de gè. Mèkredi 24 out 2011 la te genyen gwo selebrasyon, gwo lajwa-lakontantman nan Tripoli kote rebèl yo konsolide kontwòl yo aprè yo te tope kòn yo ak nèg ame ki rete fidèl anvè ansyen rejim nan e ki mete sou pye kèk pòch rezistans.

Yon konbatan rebèl deklare:

"Kadhafi detrui peyi nou an. Kounyela a, n ap pran gou libète. Kounyela a nou ka rekonstrui peyi nou. Kounyela a Kadhafi se yon gwo vye rat sou kontinan afriken an. "

Pandansetan Konsèy Nasyonal Tranzisyon an kòmanse deplase kèk nan ministè li yo ki nan Benghazi --nan pati lès peyi a-- pou al mete yo nan kapital la, Tripoli. Lidè Konsèy la, Mustafa Abdel Jalil, anonse tou eleksyon pral dewoule nan 8 mwa.

XS
SM
MD
LG