Nan La Grand Bretay, yon machin vann al antre sou yon foul pyeton nan kapital la, vil Lond, tou prè yon moské, byen bonè lendi 19 jen 2017 la. Bilan an, pou pipiti 10 moun blese.
Chèf polis metwopolitèn vil Lond la, Cressida Dick, ki tap pale nan laprès di sak pase a se kareman yon atak sou fidèl mizilman ki tap sòti nan Moské a. Kòmandan Dick deklare:
"Nou genyen yon bann moun lopital e atak sa a mete lavi yo tèt anba. Nou konsidere sa ki pase a kom yon atak teworis e nou menm, nan polis metwopolitèn nan, nou choké menm jan ak tout lòt moun nan kominote nou an e travè peyi a devan sa k rive a."
Majistra vil Lond la, Sediq Khan ki se yon mizilman, di li konsidere ensidan an kòm yon atak teworis tèrib ki fèt sou vil Lond, tandiske premye minis Theresa May, bò kote pa l, atire atansyon sou le fèt ke atak la fèt sou moun ki pratike relijyon Islam nan e tou prè batiman kote yo adore Bondye.