Accessibility links

Breaking News

Lidè Mondyal yo Apiye Pèp Libyen an apre Lanmò Mohammar Kadhafi


Premye Minis pwovizwa libyen an, Mahmoud Jibril, di konbatan revolisyonè yo te mache pran Kadhafi anba yon ti pon ki konstwi pou kite dlo pase anba yon wout nan vil natal li, vil Sirte
Premye Minis pwovizwa libyen an, Mahmoud Jibril, di konbatan revolisyonè yo te mache pran Kadhafi anba yon ti pon ki konstwi pou kite dlo pase anba yon wout nan vil natal li, vil Sirte

Nan Washington, aprè prezidan Barack Obama te fin resevwa Premye Minis nòvejyen an, Jens Stoltenberg, nan La Mezon Blanch jedi, li deklare li fyè de wòl twoup militè l’OTAN yo te jwe nan efò ki fèt pou ranvèse rejim Kadhafi a.

Prezidan Obama di:

“Mwen trè fyè de travay nou fè nan operasyon sa a. Sa k pi enpòtan toujou, mwen fyè de travay pèp libyen an reayalize.

Mwen panse yo genyen yon bèl opòtinite devan yo, menm jan yo genyen anpil defi pou yo leve. Sepandan, jounen jodiya nou ba yo yon okazyon pou yo pran avni yo nan pwòp men yo.”

Sekretè jeneral l’OTAN an, Anders Fogh Rasmussen, pale pou l di se avèk gwo plezi li wè yon Libi tou nèf kòmanse boujonnen.

Misye Rasmussen deklare:

"Aprè 42 zan, rejim latèrè kolonèl Kadhafi a rive nan bout li. Anfen, pèp libyen an kapab fèmen chapit sa a ki te long e plen fè nwa; kounyela a yo kapab vire paj la.

L’OTAN ak patnè li yo rive reyalize avèk siksè manda Nasyon Zini te ba li a : manda pou l pwoteje pèp libyen an. Nou pral mete fen nan misyon sa a an kowoperasyon ak Nasyon Zini e ak Konsèy Nasyonal Tranzisyon libyen an ; e dat pou n fè sa pi prè kounyela a ke avan."

Pami lòt lidè mondyal ki reyaji sou lanmò ansyen lidè libyen an, Mohammar Kadhafi, genyen premye Minis Britanik la, David Cameron. Chèf gouvènman La Grand Bretayla, ki t ap pale jedi sou sa k rive nan Libi a, deklare se yon moman pou lemond sonje tout moun ki te tonbe viktim anba rejim Kadhafi a.

David Cameron di :

“Mwen panse jodiya se yon jou pou n sonje tout viktim kolonèl Kadhafi yo, depi sila yo ki te mouri nan eksplozyon yon avyon Pan-Am nan syèl vil Lokerbie, pou rive nan Yvonne Fletcher, ki te mouri nan lari vil Lond ; e, san di pètèt, tout viktim zak teworis IRA yo, ki te mouri anba atak moun ki te asosye ak gouvènman Libyen an.

Nou dwe sonje tou tout sitwayen libyen sa yo ki tonbe anba men diktatè brital la, ki viktim move zak rejim li a."

Genyen nouvèl depaman sou kesyon pou konnen egzatteman kijan Mohammar Kadhafi mouri. Premye Minis pwovizwa libyen an, Mahmoud Jibril, di konbatan revolisyonè yo te mache pran Kadhafi anba yon ti pon ki konstwi pou kite dlo pase anba yon wout nan vil natal li, vil Sirte; apre sa li te resevwa yon bal nan yon konfwontasyon ant konbatan ki pou li ak konbatan ki kont li.

XS
SM
MD
LG