Lidè libyen an, Moammar Kadhafi, lanse yon apèl prese-prese bay pèp libyen an pou mande l leve kanpe, pran lèzam pou l libere peyi a. Nan yon mesaj ki pase sou televizyon, Misye Khadafi bay libyen yo konsèy pou yo goumenyon fason pou repran vil ki tonbe anba men rebèl yo.
Mohammar Kadafi di: “Pèp la defye bonbadman. Bonbadman yo gen pou sispann. Lafen bourik ki nan gòlf-la pral rive e pèp libyen an pral kenbe pi fèm, revolisyon nou an pral kenbe. Ann avan, toujou ann avan. Leve pran lèzam. Ann kontinye ak batay pou n libere Libi anba men trèt yo. Prepare n pou n goumen. Prepare n pou n fè mach yon milyon gason an, kote noupral netwaye peyi a, peyi granpapa n yo, peyi papa nou yo."
Sa pa gen lontan depi rebèl yo ap mache sou kapital Libi a, Tripoli. Nan jounen dimanch 14 out 2011 la, yo fè konprann yo mete men sou kèk pati nan yon vil estatejik ki rele Zawiya, sou yon distans 50 kilomèt alwès Tripoli --- men gouvènman libyen an demanti anons sa a. Si jamè rebèl yo ta rive pran kontwòl Zawiya, yo t ap koupe lign apwovizyonnman kapital la.
Rebèl yo menm di yo rive jous nan kèk katye vil la ki bay sou la kòt, malgre gwo konfwontasyon gason-pa-kanpe yo te genyen ak fòs gouvènmantal yo. Memsi imaj televizyon montre gwo foul moun k ap selebre viktwa rebèl yo, gouvènman Khadafi a fè konnen se rejim an plas la ki gen kontwòl rejyon sa yo.