Accessibility links

Breaking News

Ansyen Lidè Ejipsyen Hosni Mubarak Mouri Alaj 91 Zan


Ansyen Prezidan ejipsyen Hosni Mubarak
Ansyen Prezidan ejipsyen Hosni Mubarak

Lidè peyi Ejip depi lontan Hosni Mubarak mouri nan laj 91 lane. Se televizyon leta ki bay Nouvèl lanmò li.

Li te pase grad nan avyasyon militè Ejip jouk li rive kòmandan ak vis-minis defans. Prezidan Anwar Sadat te nonmen Mubarak asistan-li an 1975 e li te prezan lè Sadat te tonbe mouri anba bal militan Islamis ann Oktòb 1981.

Lidè-a ki te pran tout pouvwa nan men-l te moute prezidan e te pran pozisyon kòm yon alye ke loksidan te fè konfyans, e li te onore yon trete lapè ke Ejip te siyen ak Israel an 1979 malgre gwo opozisyon nan tout Mwayenn Oryan an.

Mubarak te lage koukou wouj dèyè moun ki pat dakò ak li e te redui libète fondamantal yo. Li te pèdi pòs-la 11 Fevriye 2011 e lame-a te pran pouvwa-a pou fè eleksyon.

XS
SM
MD
LG