Pwezidan Komisyon Ewopeyen an, Ursula von der Leyen, te pale ak repòtè yo nan Brussels. Li te di ke yo pa konnen anpil enfo sou nouvo varyan an, men sa yo konnen ba yo kè sote. Li te di ke yo espere syantis yo ap gen yon solisyon nan apeprè de a twa semèn, men pou kounya nou sipoze prepare nou pou sak pi mal.
Von der Leyen di fok plis moun pran vaksen yo, e moun ki vaksinen yo ta dwe pran vaksen 'Booster' a. Li te di ke plis pase yon tyè nan popilasyon Ewopeyèn an - (150 milyon moun) - pako pran vaksen an.
Prezidan Komisyon Ewopeyen an te di byenke se pa tout moun ki ka pran vaksen, majorite nan moun yo kapab.
"Sa a bezwen diskisyon. Sa a bezwen yon apwòch komen, men se yon diskisyon ke mwen panse ke nou dwe genyen,".
Von der Leyen te di Pfizer-BioNTech te endike li ka akselere pwodiksyon ak distribisyon vaksen pou timoun yo, ki pral disponib pou rejyon an apati 13 desanm.
Komisyon an te mande tou manm Inyon Ewopeyen yo pou yo angaje yo nan yon revizyon chak jou sou restriksyon vwayaj yo ak fè preparasyon pou enpoze tout kontwòl ki nesesè yo, ki gen ladan aksyon desizif, si yo jwenn pasaje ki gen varyan omicron an.
Kèk enfòmasyon pou rapò sa a The Associated Press, Reuters, ak Agence France-Presse.