Accessibility links

Breaking News

Lidè Afrik de Lwès yo Enpoze Nouvo Sanksyon Kont Mali


Foto Achiv: Kolonel Assimi Goita rankontre yon delegasyon wo nivo gwoup rejyonal Wès Afriken ki rele ECOWAs la, 22 Me, 2020 nan Bamako, Mali.
Foto Achiv: Kolonel Assimi Goita rankontre yon delegasyon wo nivo gwoup rejyonal Wès Afriken ki rele ECOWAs la, 22 Me, 2020 nan Bamako, Mali.

Lidè rejyon Afrik de Lwès yo enpoze nouvo sanksyon kont Mali e yo pral sispann pi fò komès ak asistans finansye yo te konn bay peyi a.

Lidè militè Mali yo deklare yo pral rete sou pouvwa a pou yon lot 4 an, olye yo oganize eleksyon mwa pwochen an, jan yo te pwomèt pou fè'l la.

Sanksyon yo reprezante konsekans ki grav pou Mali, e sanksyon sa yo ladan gen fèmti frontyè terès ak ayeryen ak peyi ki fè pati blok rejyonal yo rele ECOWAS (CEDEAO).

Anons la fèt nan yon deklarasyon gwoup la pibliye apre yon rankont nan Acra ki se kapital Ghana a. Gwoup la di Dimanch ke plan an "konsène tou rejyon Afrik de Lwès la."

XS
SM
MD
LG