Accessibility links

Breaking News

Nijerya: Nèg ak Zam Touye Omwen 140 Moun


Nigeria police in Abuja
Nigeria police in Abuja

Omwen 140 moun te pèdi lavi yo nan plizyè atak ki te fèt semèn sa nan eta Zamfara nan nòdwès peyi Nijerya, yon rejyon riral kote gwoup nèg ame yo ap teworize popilasyon an.

Pandan plizyè ane pati nòdwès ak santral Nijerya tounen yon kote ke "bandi" ap layite kò yo, bandi yo atake, piye epi kidnape rezidan yo, vòlè bèt yo epi boule kay yo.

Balarabe Alhaji, chèf youn nan vilaj bandi te atake yo, te di AFP "Nou antere yon total de 143 moun ki te pèdi lavi yo nan atak sa yo".

Plizyè santèn moun ame te anvayi 10 vilaj nan distri Anka ak Bukkuyum sou motosiklèt ant Mèkredi ak Jedi, yo tire sou rezidan yo, piye ak boule bilding.

Babandi Hamidu ki se yon rezidan nan vilaj Kurfa Danya, te di mesye ame yo, te tire sou nenpòt moun ke yo te jwenn sou chemen yo. "Plis pase 140 moun te antere nan dis vilaj yo, e nou ap chèche lòt kadav, paske gen anpil moun nou poko wè.

Idi Musa, rezidan nan yon lòt vilaj, te di kantite moun ki mouri yo te anpil, daprè li anviwon "150 moun te mouri anba bal bandi yo e kriminèl yo te vòlè tou "2,000 bèt".

"Reprezay"

Mèkredi, gouvènman an te dekri ofisyèlman "bandi sa yo" nan Nijerya kòm "teworis" e yo te promèt sanksyon kont moun ki ede yo komèt krim, enfòmatè yo ak sipòtè yo.

Nan jounal ofisyèl la, yo te klase atak yo kòm "zak teworis". Prezidan Muhammadu Buhari te di sou televizyon Nijeryen: "Nou te rele yo teworis (...) nou pral trete yo konsa."

Ansyen jeneral lame a ki gen 79 an ap lite pou kwape ensekirite ki gaye toupatou nan peyi a. Lame Nijeryen an deplwaye sou plizyè fwon, sitou nan nòdès, ki viktim yon revolt jihadis depi plis pase dizan, ak nan sidès.

Depi nan fen ane 2020 an, gang kriminèl yo te kòmanse vize lekòl yo, kidnape plis pase 1,400 etidyan epi yo te pwovoke kominote entènasyonal la. Depi lè a pifò otaj yo te libere, men plizyè santèn rete nan men moun ki te kaptire yo.

Fòs lame Nijeryen yo te di semèn sa a ke yo te touye 537 "bandi ame ak lòt kriminèl" ak arete 374 lòt moun nan nòdwès la depi Me 2020, pandan 452 "sivil yo te kidnape te sove".

Kabir Adamu, analis sekirite Beacon Consulting Nijerya ki baze nan Abuja, te di ke atak semèn sa a ta ka yon repons a operasyon militè ki sot pase yo.

Dapre kèk lòt sitwayen, atak yo ta ka konsidere kòm yon vanjans akoz yon atak milis yo te fè sou yon konvwa bandi.

XS
SM
MD
LG