Accessibility links

Breaking News

Libyen ak Etranje Kontinye ap Kouri pou Vyolans nan Libi


Moun k ap eseye kite Libi akoz vyolans ki gen nan peyi sa a
Moun k ap eseye kite Libi akoz vyolans ki gen nan peyi sa a

Ajans Nasyonzini pou refijye yo (HCR) fè konnen kantite libyen k ap travèse nan Tunizi bese anpil-anpil akòz prezans twoup libyen ame jouk nan dan k ap siveye fwontyè ki separe 2 peyi yo.

Yon pòtpawòl Wo Komisarya Nasyonzini pou Refijye yo di jodi a “kantite refijye yo sòti nan 15 a 10 mil pa jou pou pase nan 2000 jedi 3 mas 2011 la. Li ajoute refijye yo sanble yo genyen laperèz e pè pale. Pòtpawòl la kontinye pou l di twoup libyen yo sezi telefòn pòtab ak kamera foto moun yo.

Anpil etranje k ap kouri pou vyolans la nan Libi travèse nan Tunizi. Men nouvèl la pa di konbyen libyen, si genyen, ki te pami 2000 moun ki janbe fwontyè a jedi 3 mas 2011 la pou antre sou tèritwa tunizyen an.

XS
SM
MD
LG