Gouvènman pwovizwa Libyen an fè konnen sòlda li yo kraze defans fòs ki lwayal anvè Moammar Kadhafi yo e yo antre nan vil Sirte ki sou la kòt, youn nan baz apwi ansyen lidè a .
Otorite nan Konsèy Nasyonal Tranzisyon (KNT) an di plizyè milye nan konbatan yo ki soti Misrata te vanse antre nan sant vil kote ansyen lidè Moammar Kadhafi te pran nesans la. Yo te fè fas a gwo rezistans bò kote kò delit ki fidèl a Kadhafi yo.
Otorite militè Konsèy Nasyonal Tanzisyon an di Ajans Nouvèl Associated Press gen 4 nan konbatan yo ki mouri e 7 lòt blese.
Dènye nouvèl yo rapòte fòs gouvènman pwovizwa Libi yo anvayi vil Bani Walid . Temwen ki te sou plas yo di eksplozyon ak bri bal te sonnen nan zòn-nan alòske konbatan Konsèy Nasyonal Tranzisyon an te rankontre gwo rezistan bò kote moun ki fidèl anvè Kadhafi yo.
Yon lòt kote, nan jounen 15 septanm 2011 la, gwo foul moun te akeyi premye minis britanik la, David Cameron ak prezidan fransè a Nicolas Sarkozy nan Tripoli ak nan Benghazi ki nan lès peyi a.