Accessibility links

Breaking News

Libi: Sitiyasyon an pi Difisil pou Kadhafi


Rebèl libyen yo ki bloke yon wout nan wès fwontyè Ajdabiya, 1er avril 2011 la
Rebèl libyen yo ki bloke yon wout nan wès fwontyè Ajdabiya, 1er avril 2011 la

Laprès britanik fè konnen gouvènman kolonèl Mohammar Kadhafi a voye yon delege nan vil Lond pou l fè negosyasyon ak otorite yo.

Daprè nouvèl la, delege sa a rekle Mohammed Ismail, ki se yon pwòch kolaboratè Saif al-Islam, yon pitit gason Kadhafi.

Yon pòtpawòl Foreign Office la (kidonk, Ministè Afè etranjè britanik la) pale ak jounal The Guardian pou l di otorite yo nan Lond bay misye Ismail yon mesaj klè kidi misye Kadhafi fèt pou kite pouvwa a.

Pòtpawòl la derefize fè plis kòmantè sou kontak otorite britanik yo pran ak ofisyèl libyen yo. Nouvèl sou vizit la tonbe nan moman rebèl yo nan Libi t ap selebre desizyon 2 gwo otorite nan gouvènman Kadhafi a fèk pran pou yo bay demisyon yo.

Pandansetan, yon pòtpawòl mouvman rebelyon an, Mustafa Gheriani, pale jedi 31 mas 2011 la pou l di fòs k ap chache jete rejim Kadhafi a panse, avèk tout manm gouvènman an k ap bay demisyon yo la a, rejim nan ap tonbe pou kont li.

Misye Gheriani pale konsa nan vil Benghazi, ki nan pati lès Libi e ki reprezante kapital mouvman leve-kanpe a. Youn nan dènye manm gouvènman an ki anonse demisyon yo, se Ali Ab-des-Salam Treki, yon ansyen minis afè etranjè e prezidan asanble jeneral l’ONU an.

Misye anonse li kraze yon kite sa jedi 31 mas la sou anpil sit-entènèt, epi li kouri ale nan peyi Lejipt. Li fè konnen: « Pèp libyen an gen dwa pou l viv nan libète, demokrasi ak pwosperite».

XS
SM
MD
LG