Accessibility links

Breaking News

Libi: Demisyon Minis Afè Etranjè a, Moussa Koussa


Ansyen minis afè etranjè libyen an Moussa Koussa
Ansyen minis afè etranjè libyen an Moussa Koussa

Minis afè etranjè libyen an, Moussa Koussa, rive nan vil Lond kote li anonse li kite gouvènman kolonèl Mohammar Kadhafi a.

Daprè yon deklarasyon ki sòti nan Ministè afè etranjè britanik la mèkredi 30 mas 2011 la, se ak pwòp volonte li ke Misye Koussa te kite peyi Tunisi pou l antre nan kapital Grand Bretay la, kote li fè otorite yo konnen li bay demisyon n kòm chèf diplomasi libyèn nan.

Gouvènman britanik la bay lòt ofisyèl libyen k ap apiye rejim Kadhafi a konsèy pou yo fè menmman, parèyman.

Yon lòt kote, yon pòtpawòl gouvènman libyen an, Moussa Ibrahim, demanti pawòl k ap di minis afè etranjè a vire kazak e li kraze yon kite sa; paske, daprè pòtpawòl la, se yon misyon diplomatik misye Koussa ap reyalize nan La Grand Bretay.

Nan kòmansman konfli ki mete rejim Kadhafi a fas-a-fas ak mouvman relebyon an, minis jistis la ak minis enteryè a te bay demisyon yo pou yo pote-kole ak rebèl k ap goumen ak twoup gouvènmantal-yo nan pati lès Libi.

Daprè otorite ameriken yo, demisyon chèf diplomasi libyèn nan se yon devlopman trè zenpòtan nan konfli a, e sa montre gen yon divizyon k ap ogmnate nan mitan gouvènman libyen an.

Minis Moussa Koussa te yon kolaboratè trè pwòch prezan Kadhafi e li te okipe pòs chèf sèvis sekrè rejim nan pandan plis pase 10 zan.

Pandansetan, kèk jounal ameriken fè konnen CIA (Ajans Ransèyman Lèzetazini an) voye divès ekip ajan nan Libi pou yo rasanble enfòmasyon sekrè epi pran kontak ak fòs anti-Kadhafi yo.

Washington Post ak New York Times site kèk ofisyèl ki ta di kòmkwa ajan sekrè yo pral chache konnen idantite ak kapasite rebèl yo anvan pou kowalisyon oksidantal la deside mete èd militè dirèk a la dispozisyon yo.

XS
SM
MD
LG